Letra de ' Dènye Lèt ' de Baky

En nuestro sitio web tenemos la letra completa de la canción de Dènye Lèt que estabas buscando.

Dènye Lèt es una canción de Baky cuya letra tiene innumerables búsquedas, por lo que hemos decidido que merece tener su lugar en este sitio web, junto con otras muchas letras de canciones que los internautas desean conocer.

¿Te encanta la canción Dènye Lèt ?¿No terminas de entender lo que dice? ¿Necesitas la letra de Dènye Lèt de Baky ? Te encuentras en el lugar que tiene las respuestas a tus anhelos.

Dèfwa nou konn wè map ri
(Son ri diferan de sa nou wè a)
M konn ap soufri men’m pa di’n
(Map viv diferan de sa nou wè a)
Lè map chante se pou’m kenbe
Men’m pa gen melodi nan tèt mwen
La men’m pap viv
(Koz lavi’m diferan de sa nou wè a)
Petèt se dènye verse map bann, dènye pwezi map fè, pou rap kreyol dènye lèt map ekri
Petèt dènye album nap jwenn
Dènye rap beef, petèt karyè’m se dènye karyè map detwi
M gon karyè ki rich men’m pa di’l egzanplè
E si’m pron poz c ke sèvo’m mande pou’m ta kite’l an pè
Alors petèt se dènye vid map plen
Dènye plak map remèt
Al di nèg yo dènyè lèt map e
Check

Karyèm tout vitès men tristès mwen pat fon pa
Pwomès se dette, lèzòm raple’m dette mwen chak premye nan yon mwa
Pami meyè, se pat yon plas ke’m tap chache
Lavi’m pat osi bèl ke sa, li te gon fas ki te kache
M tap soufri men’n ka pat wè, m gon mesaj ki pat rive
Ke’m ta vle pataje avè’n, men mespere ke’n pap jije’m
Map ekron dènye lèt fason pou’m fè lapè
E lè’m ale, lè’n sonje’m na just vide chanpay atè
M konne’n pral di kijan’m ka di ke’m blese sanm pap senyen
Nou pral di nèg tankou’m twò byen pou jan nou wè ke map mennen
Pou jan nèg sa renmen ri pou jan pèp sa renmen’l
Pou jan ti nèg tap byen viv ki pwoblèm ke’l te ka genyen
Tout lè’m tap monte mowal nou, pa’m tap peze’m al anba
Tout lè nou wè’m sou stage ap (vayb) anndanm plen demon map konbat
Muzik te bann plezi, mwen’l te pèmèt mwen reziste
M soufron maladi ki danjere men pou nou ki pa egziste (depresyon)

De terapi a terapi
De kay doktè a kay doktè
Map gade’n kap detwi lavi’m
De komantè à komantè
Pou’m ka fè wout sa, mal leve woch ke’m pat mete
Pwiske’m pi kontan nan dòmi defwam swete ke’m pat leve
Lè’w son atis ou son egzanp, men’m pat vle’n abitye
Paske’m tap bann konsèy pou’n swiv ke menm mwen’m pap aplike
Lè’m wè camera, m kache tristès dèyon souri
Map viv nan yon kò ki vle viv ak yon lespri ki vle mouri
Alors en fait, lavi atis pat janm fasil pou mwen
M fè tout vi’m ap viv pou moun, men kiyes ki tap viv pou mwen
M jwenn satisfaksyon nan ti jèn ke’m ede
Malgre’m tap montre’n fo siksè paske’m pat vle’n wè ke’m echwe
Lespri’m te lwen de nou menm si’m prè’n
Dèyèm gen 286 nèg poutanm nan vim mwen pa janm santi’m aussi seul

Map ekron dènye lèt fason pou’m fè lapè
E lè’m ale, lè’n sonje’m na just vide chanpay atè
An 2012 m tal fon nouvelle avanti
M te livre’m bay rap kreyol san’m pat gen okenn garanti
Premye clash mwen ak pjay, son beef label t’òganize
Malgre’m te jèn, m t gon rèv ke okenn nèg pat ka brize
Des années aprè m vin rankontre’l enèjil fè’m santi
Si rkm pat fè’n enmi, m ret kwè’n te ka pi bon zanmi
Vi’m pa parfait, chak nèg gen erè pou korije
Jodi a m fyè, ke sou latè te gon rapè tankou pjay
Karyèm bati sou challenge, e sou konpetisyon
Pakou’m diferan de sa map montre nan
Televizyon

Gen de etap fow franchi pou’w ka konn siksè
E nèg tankou’m toujou vle plis nèg devwe pa janm satisfè
(Roodboy) nou vin nan beef pandan’n te vle ret yon model
E fon challenge ak yon ti jèn ki osi dwe ret yon onè
Et pou l’histoire et pour la vérité
Mwen ak roody nou ka pa byen, nou ka goumen, men’n bat bravo chak fwa youn merite’l
Rap kreyol fè’m jwenn respè nan kelke baz
Li banm zanmi m paka dekri an kelke fraz
Valè konn valè, lli pa tann tonb poul mete flè
Map fèl pou wa ki sot okap, yon nèg ke’m fyè pou’m rele frè
Trouble, mèsi dèske’w montre’m tout lè’m te ka konte sou ou
Nou vin yon fanmi, pa ganyen ke’m pap afwonte pou ou
Non’w game egri, ou fè’m wè sak pat janm posib
Pandan rapè rayi rapè ou menm ou tap aprann yo viv
Malgre lavi’n ofon pat janm te osi rose ke sa
M pa kwè gon team isit la ki te ka pi gwo ke sa
Sak fè’w pat di anyen lè yo tap kreye zen?
Wendy sorry ke’n pat prezan moman’w te plis bzwen
Chak lè pwoblèm fè’w kriye, m konn siksè pral fè’w souri
Bondye pap bay pitit li chay sil ta wè chay sa twòp pou li (amen)
Si’w gen sante, lanmou, tout rès yo se pousyè
M swete’w siksè e tounen lakay ou frèm lè’w santi’w prè

E a nou 3 nou te fòme koudeta
Koudeta koude koude koudeta (magic)
M kwè koze sa ta dwe menm ekri nan bib la
3 pi gran jwè peyi a’k te nan menm ekip la
Nou te fòmel fason poun ka montre lèzòm
Ke siksè youn ka fè bonè lòt san deranje pèsòn
3 mousketè (diferan) e pou lagè, ki si prè
E koudeta ap egziste menm si’w wè’n nan simityè
E a nou 3 nou te fòme koudeta
Koudeta koude koude koudeta (magic)
M kwè koze sa ta dwe menm ekri nan bib la
3 pi gran jwè peyi a’k te nan menm ekip
M fè lapè fason pou’m ka fèmen chapit sa
Al di magic just fon jan pou’n just fin ak beat sa
M pa gen pasyon anko, e’m pa kwè’m ko bezwen
So bye bye rap kreyol, bye bye ma retounen lè’m rejwenn
Baky

Existen muchos motivos para querer conocer la letra de Dènye Lèt de Baky .

La razón más común para desear conocer la letra de Dènye Lèt es que te guste mucho. Obvio ¿no?

Saber lo que dice la letra de Dènye Lèt nos permite poner más sentimiento en la interpretación.

Siéntete como una estrella cantando la canción Dènye Lèt de Baky , aunque tu público sean solo tus dos gatos.

En el caso de que tu búsqueda de la letra de la canción Dènye Lèt de Baky sea que te hace pensar en alguien en concreto, te proponemos que se lo dediques de alguna manera, por ejemplo, enviándole el link de esta web, seguro que entiende la indirecta.

En esta página tienes a tu disposición cientos de letras de canciones, como Dènye Lèt de Baky .

Recuerda que cuando necesites saber la letra de una canción siempre puedes recurrir a nosotros, como ha ocurrido ahora con la letra de la canción Dènye Lèt de Baky .