¿Quieres conocer la letra de Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) de Barikad Crew ? Estás en el lugar adecuado.
Si llevas mucho tiempo buscando la letra de la canción Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) de Barikad Crew , empieza a calentar la voz, porque no podrás parar de cantarla.
¿Te encanta la canción Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) ?¿No terminas de entender lo que dice? ¿Necesitas la letra de Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) de Barikad Crew ? Te encuentras en el lugar que tiene las respuestas a tus anhelos.
Yon peyi paka avanse san edikasyon
Malerezman sa k pou fè n viv naje nan koripsyon
Yo apran jèn yo exclusion, discrimination
Y ap devye yo
Timoun de bon granmoun yo dejwe yo
Se pa tout sa yo di w pou kwè l
Anplis tout sa yo di w pou w fè l
Se pa tout sa w tande ak wè ki se verite verite
san pasyon
Pou w pa konfon envès ak opoze
Blòf ak gwo koze
Mwen menm m pwopoze w
Chèche konpran pouki 1 sou x pa -x menm lè x se -1
Gen elektron gen pwozitwon
Vizyon w chanje
Se on kesyon de pozisyon
Menm lè avni w
2 pye w nan abi m
Avèk yon sèvo plafon
Toujou kenbe degre sajès Platon
Egzistans pa ekri sou on platfòm
Sou fòm, desen pa kwè nan desten
Yo se vye jenerasyon
Pandan nou jèn nou jere tout yon nasyon
E yo menm yo rive fòme tout yon bastyon san jèn
Dechèpiye tout yon popislasyon
Mobilizasyon, ak kòb pou bloke nou
Granmoun yo echwe
Yo bay tout kòb
Pou fè ti fanm yo devye
Yo pa bay djòb
Lajan peyi a gaspiye
Koripsyon ap miltipliye
Edikasyon jèn anba pye
Epi y ap di se nou k dejwe
Oh! Respekte jèn ki devwe
Ki gen konesans bon sans responsbilite
Se nou gen abilite
Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò
Ou tou deja antò
Yo se panse kont nouvo sann fiti kont le pase
Tout sak te pase
Nou pa ka toujou aksepte pou y ap repase devan nou
Sof si n ta aksepte pou n ta rate jenès nou
E n te chase feblès nou
Lontan, se nou k jenerasyon k ap pale de granmoun
Pale de bon moun
Yo pat trase wout vyeyès
Lage tout vye jès
Repare tout erè n
Lage tout vye mès
Dèfwa yon kamyonèt ki bezwen chaje fò l jwen a bèfchenn
Menm jan ak on peyi k bezwen mache fò l jwen ak jèn frè l
Ki devwe e k gen sans de responsabilite
Vle pran pou dejwe e n gentan gran ak dignite
Yon peyi k ap mache chache verite di Steve Brunache
Ganmoun yo echwe flanbo a nan men n di viv Hip Hop
Ak tèt ansanm nou kanpe rèd man n ap fout yo frap
Pou yo manyè kite jèn evolye yo pat kapab
Granmoun yo echwe
Yo bay tout kòb
Pou fè ti fanm yo devye
Yo pa bay djòb
Lajan peyi a gaspiye
Koripsyon ap miltipliye
Edikasyon jèn anba pye
Epi y ap di se nou k dejwe
Oh! Respekte jèn ki devwe
Ki gen konesans bon sans responsbilite
Se nou gen abilite
Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò
Ou tou deja antò
Gen sa k la depi dikdantan travay yo pa regle anyen
Pandan tan sa nou ap bat night e n pa dòmi menm lajounen
Yo echwe, swadizan dejwe yo pran la relèv
Pou n kenbe mayèt la nan BPC nou fòme elèv
Gen nan yo k granmoun fizikman
Yo still teenager mantalman
Yo gen kran pou yo di ti mesye sa yo chaje ak talan
Men sila vokasyon rate yap ting ting kou Satan
Pitit nou yo defan pitit yo tande e tanke paran
Se menm yo tou ki pran feeling nan lage pitit bay manman
E se yo tou k ap touye Ayiti si yo k prezidan
M sonje nan pouvwa w ta p dirije ou te van peyi n ak blan
Bondye gran kounya n konprann (n apran n apran)
Dan devan avni n nap defan
Di m hooligan di m delekan
Ou se yon maleng sosyalman
Kounya se jèn ki dwe mennen
Mwen wè sa ba w anpil pwoblèm
Poukisa nan kè w ou mete èn
Sistèm sa n ap met tèm avè l
Ou echwe Pepe
Granmoun yo echwe
Yo bay tout kòb
Pou fè ti fanm yo devye
Yo pa bay djòb
Lajan peyi a gaspiye
Koripsyon ap miltipliye
Edikasyon jèn anba pye
Epi y ap di se nou k dejwe
Oh! Respekte jèn ki devwe
Ki gen konesans bon sans responsbilite
Se nou gen abilite
Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò
Ou tou deja antò
Granmoun yo echwe
Yo bay tout kòb
Pou fè ti fanm yo devye
Yo pa bay djòb
Lajan peyi a gaspiye
Koripsyon ap miltipliye
Edikasyon jèn anba pye
Epi y ap di se nou k dejwe
Oh! Respekte jèn ki devwe
Ki gen konesans bon sans responsbilite
Se nou gen abilite
Ak avni nou, ou pap janm jwe ankò
Ou tou deja antò
Lè gen move pwofesè
Fòk g on elèv pran la relèv
Ou fin pipi Pepe
adiós!
Otras canciones de Barikad Crew
Saber lo que dice la letra de Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) nos permite poner más sentimiento en la interpretación.
Si tu motivación para haber buscado la letra de la canción Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) ha sido que te superencanta esperamos que puedas disfrutar cantándola.
Un motivo muy usual para buscar la letra de Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) es el hecho de querer conocerla bien porque nos hacen pensar en una persona o situación especial.
En el caso de que tu búsqueda de la letra de la canción Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) de Barikad Crew sea que te hace pensar en alguien en concreto, te proponemos que se lo dediques de alguna manera, por ejemplo, enviándole el link de esta web, seguro que entiende la indirecta.
Apréndete las letras de las canciones que te gustan, como Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) de Barikad Crew , ya sea para cantarlas en la ducha, hacer tus covers, dedicarlas a alguien o ganar una apuesta.
Recuerda que cuando necesites saber la letra de una canción siempre puedes recurrir a nosotros, como ha ocurrido ahora con la letra de la canción Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner) de Barikad Crew .